[Home]FotoakNot

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | HowToUseWiki | TheExperiment

Byenveni ! Men w ap jwenn not pou atelye yo epi foto patisipan pandan dezyem Espas Ouvri sou Espas Ouvri ann Ayiti a :

pou jwenn foto yo, klike sou adres sa a :

http://photos.yahoo.com/bc/englejohnny/lst?&.dir=/EOsouEO2003&.src=ph&.begin=9999&.view=t&.order=&.done=http%3a//photos.yahoo.com/bc/englejohnny/lst%3f%26.dir=/EOsouEO2003%26.src=ph%26.view=t

rap� a :

Rap� Dezy�m Rankont Espas Ouvri sou Espas Ouvri ann Ayiti a

S�ti 19 Jen pou 22 Jen 2003 T�m : K�man pou nou reyalize yon rankont ak Espas Ouvri ki pote anpil fwi ?

Rankont la te k�manse pa John ki te swete tout moun byevini epi li te envite chak moun pou prezante t�t li ; apr� sa li te prezante espas ouvri a k�man sa ta pral mache pandan 3 jou n ap pase ansanm, prensip pou patisipan resp�kte pandan yo nan Villa Ormiso. Apr� li te fin eksplike patisipan yo k�man espas ouvri a ye, se moman pou patisipan yo te ale nan atelye.

Atelye A :10-11z�(vandredi) Sij� : K�man n ap f� swivi ak n�t ki s�ti nan atelye yo ? Rachel, John, shelly, Sarah, Abner, Robert, Benaja, Vana.

Dapr� Sarah: Li panse ent�n�t se yon bon mwayen pou nou f� swivi n�t ki s�ti nan atelye yo. Dapr� Abner: swivi ka f�t plizy� fason: nan gwoup kote w ap travay, nan fanmi, lakay ak madanm, vwazinay elatriye�paske swivi a se estrateji ou anpwaye pou f� met�d la avanse. Dapr� Benaja: li di k�m abitid, chak nou patisipe nan espas ouvri toujou gen n�t ki bay apr� men, apr� nan l�t espas ouvri ank� nou pa janm diskite n`ot avan yo. S�lman nou abode l�t sij�. Konsa Sarah te mande eske gen yon kote moun responsab pou �ganize espas ouvri, f� yon ekspozisyon ? Kote tout moun ka w� sil vle yon sij� ki te diskite t�l ane, epi sil ta enterese f� sa nan kominote l kijan pou l f� sa. Sarah te poze kesyon sa a ak Kristy. � K�m ou konn al nan espas ouvri l�t peyi, kijan ou konn w� sa � ? Kristy te reponn konsa : Yo konn f� yon atelye nan maten kote yo poze yon kesyon epi tout moun bay sij� yo. Y al nan atelye diskite pran n�t. Nan apr� midi yo kontinye travay sou n�t ki te s�ti nan atelye maten yo, sa vle di yo tou f� swivi n�t ki te pase nan matenyo. Kristy te di konsa konn gen k�k sij� kote swivi a ka f�t jis apr� 3 mwa, 2 mwa �men, l� sa a ou ka f� tankou Abner te di : kontinye swivi a ak l�t gwoup, fanmi� Benaja te pwofite okazyon sa a tou pou l pataje yon eksperyans Chris te f� nan yon espas ouvri li te �ganize nan LKMPD Lagonav. Kijan sa te f�t ? Chris te lese tout moun aji dapr� met�d espas ouvri nan maten epi nan apr� midi li te konsantre patisipan yo sou yon sij� � egzat � sa vle di poze kesyon sou li egzateman epi bay repons egzat. Pandan rankont Atelye sa a, John te pwofite lanse mesaj sa : li deja k�manse travay sou yon sit ent�n�t kote tout moun ki enterese ka jwenn enf�masyon oubyen n�t ki s�ti nan rankont espas ouvri yo : � www.eksperyansla.info � Konsa John te te di : li posib pou yon moun sil vle poste yon ide oubyen yon enf�masyon sou met�d espas ouvri. Moun sa a ka kontakte l sou imel li, ekri l enf�masyon sa epi li menm l ap poste l. Kristy te di : Li ta konseye chak moun pou pran responsablite yo, pou yo gade sit espas ouvri epi jwenn enf�masyon, bay lide ki neses� sou n�t yo w� swa pou pozitiv ou negativ, paske yon sit ent�n�t koute anpil k�b ; si sit la egziste epi nou pa itilize l se yon bagay anven, se k�msi pa gen swivi ki f�t vre. Pou fini Sarah te mande eske tout moun santi yo satisf� ak diskisyon k f�t yo ? tout moun te reponn wi paske gen yon fason n�t sa yo ka rete vivan pou moun ki vle ka gade yo l� yo vle.epi bay lide yo sou n�t sa yo.

Atelye B :11-12 z� (vandredi) Sij� : yon ti refleksyon sou febl�s nou. Moun ki te patisipe nan atelye sa p ap ekri non yo.

- Fremy ki te chwazi sij� te bay opinyon li, nou te w� tout moun ki egziste gen yon kalite febl�s lakay yo dapre sa Fremy te di a nan fason yo fonksyone. - Febl�s nou konn w� ki genyen nan espas ouvri, se paske nou konn w� pa gen tw�p sij� ki enteresan, eske sa pa yon febl�s ? sa nou w� gen moun ki gen febl�s lakay li, men se l�t moun ki w� febl�s sa, l� sa nou panse moun sa bezwen �d l�t moun. - Febl�s la tou li soti nan fason fanmi yo leve timoun yo, savle di febl�s familyal ; mank edikasyon. - Toutotan gen prejije lakay nou bagay yo rele febl�s la, l ap toujou egziste - Febl�s la tou, li aji sou moun parap� ak anviw�nman nou ; pa egzanp : si yon timoun leve nan yon z�n se joure, batay, move propoli jwenn se sa l ap repwodwi anndan sosyete a, si li jwenn sa yo nan fanmi li, l ap vin f� nan sa. - Febl�s toujou mache ak per�z men tou tout febl�s toujou mache ak pwen f� l, leplisou- van yon moun bezwen pase nan etap febl�s pou l vin f�, men f�k nou pa kite febl�s la aji tw�p sou nou. - Li ka yon mank kwayans pafwa, pa kw� nan t�t nou. - nou panse tou pasyons se yon bagay ki konn k�z yon moun f�b, l� yon moun pa gen pa-syans nan sa l ap f�, nou sa kapab rann yon moun f�b. - Mank dangajman tou, mank responsabilite kapab rann yon moun f�b, inyarans konn rann moun f�b, febl�s la kapab yon bagay ki natir�l pa egzanp yon moun ki timid, sa depan deanviwonnman moun nan.

Atelye C :2-3z�(vandredi) Sij� : Espass ouvri yon zouti pou kontwi demokrasi. Moun ki te patisipe nan atelye sa :Elys�e vaillant, Sarah Roche, Lumarque Gerald, Erik Badger, Abner Sauveur, Antoine Benaja, Rachel Taner, Fremy Cesar, Micheline�

Nan eksplikasyon chak moun te bay sou motif yo nan atelye sa a, nou reyalize ke tout patisipan yo rete santre sou pwen f� met�d la. Se prensip yo ki ede f�s demokrasi yo boujonnen. Preske tout patisipan yo te manifeste dezi pou refllechi sou demokrasi. Fremy te defini demokrasi k�m reyalite. Lan demokrasi, tout moun atann ke yo pral aplike oubyen respekte prensip yo deja tabli yo menm menm, epi espas ouvri ki se yon met�d ki chita sou aplikasyon 3 prensip li yo e yon s�l lwa de (2) pye a. nan yon sans nou te rapwoche de t�m nou itilize pou met�d E.O * Prensip e Lwa. Selon yon patisipan lwa par�t pi r�d pase prensip. Eske demokrasi aks�pte Prensip oubyen Lwa. Kisa demokrasi a ye ? - eske demokrasi a se kreye li kreye lib�te kay moun oubyen se pote l pote l lib�te pou moun aji, sa vle di montre moun prensip ki pou rde yo aji lib�, lib�. - demokrasi se l� w konn dwa w ak devwa. Demokrasi ann Ayiti chaje ak obstak, sitou politik, edikatif e moral.

Atelye G : 3-4 z�(Vandredi) Sij�: Eske met�d Espas Ouvri kapab itilize nan sal klas tou? Moun ki te patisipe nan atelyesa: Robert, Jol�ne, Mili�nne, Afel�ne, Gerline.

Dapr� Mili�nne : Mwen chwazi sij� sa se paske m santi Espas Ouvri se yon bon met�d kote l� ou nan yon seyans ou santi ou al�z, ou pa gen presyon sou do w,sa f� ou pa gen pwobl�m. Dapr� Robert : Mwen w�, li n�tman difisil pou itilize Espas Ouvri nan yon sal klas paske nan met�d Espas Ouvri pa gen yon resous egzat ni yon limit. Men m panse ou ka itilize k�k nan prensip E.O. Dapr� Afel�ne : Pou mwen menm, mwen w� se yon met�d ki preske menm jan ak met�d Wonn Refleksyon, mwen santi vr�man li kapab f� timoun yo aprann byen. Youn kapab aprann nan men l�t san presyon, san pwobl�m, yo p ap p� pale paske youn ap respekte opinyon l�t.

Atelye A :10-11 z� (samdi) Sij� : <<Se sou fimye lanm� lavi boujonnen >> Moun ki te patisipe nan atelye sa :Jeanty Duversaint, Robert, Fremy, Enel, Benaja, Guylande, Abner,Dale.

- Benaja te poze kesyon sa : pouki sa nou p� lanm� pandan li se yon etap ? Heguel te reponn konsa :k� nan lavi gen plizy� etap tankou : f�t, marye, batize, kominye.. E nou pa janm p� yo okontr� nou toujou kontan nan etap sa yo ; konsa, mwen panse tout moun ta sipoze pase etap sa tou. - Eske yon kretyen dwe p� lanm� ? Guylande te reponn konsa : wi yon kretyen dwe p� mouri paske menm Jezikri te p� mouri. - dapr� Fremy : lavi gen de 2 etap �viv� �mouri�epi reviv ank� li te pran egzanp yon pye bwa ki t ap viv, li mouri epi bay nesans ak yon nouvo plant ; konsa, li te vle pale de reyenkanasyon. - Dapr� Jeanty : li w� lanm� a k�m yon vyolans paske l pat chwazi f�t men l, f�t pa kreyat� a ;men, poukisa pandanm deja fin abitye ak lavi epi pou mw� m pral mouri,sa vle di yo f� m mouri kont volonte m, se rezon sa k f�m di lanm� se yon vyolans. - Heguel di si p ap gen lanm� lavi pa t ap gen sans. Epi Benaja te ajoute pou l di ke si p ap gen lanm� pa t ap gen sansiblite pou youn ak l�t. - Dapr� Robert :lanm� se yon gen pou moun ki nan satan, ki nan difikilte, dil�m, pou l viv ;men, li se yon touman pou moun ki gen mwayen epi ki pa gen okenn difikilte pou l viv e ank� lavi gen kote l pozitiv, negativ men, lanm� se pr�v pou montre kijan lavi b�l. Lanm� la pou l ekilibre lavi.

Atelye B :10-11 z� (samdi) Sij�:Motivasyon, Entegrasyon, Patisipasyon. Moun ki te patisipe nan atelye sa: Samson Joseph, Louis Lumarque G�reald, Ulrick Denis, Antonal Mortim�. Kent.

- F�k li rive motive plis moun posib paske sij� sa rantre nan plan travay �ganisyon l ki rele (CHANDEL). Antonal ki se animat� nan GTAPF(Gwoup T�t Ansanm Peyizan Fayet), pou li se rive pale ak moun nan sou gwoup la, ki kout men li ka pote anndan gwoup la, envite l patisipe nan aktivite gwoup la(joune, f�t, konferans, vizit ki enteresan � F� l posib pou moun jwenn f�mil�, depliyan ki gen enf�masyon sou gwoup la. - Asp� entegrasyon, se entegre plis moun nan �ganizasyon yo, mete plis aktivite nan mitan gwoup la, f�me ti gwoup pou entegre gwo gwoup yo. - Asp� patisipasyon, f�k moun ki lid� nan �ganiasyon yo pa f� tout aktivite yo, f� l favorize patisipasyon l�t manm nan �ganizasyon an pran responsabilite pou f� l mache tou. F�k prensipal lid� yo pa domine lapaw�l l� gen reyinyon, yo p�m�t l�t manm yo patisipe nan reyinyon an paske sa ka anrichi yo ak l�t lide l�t manm yo. L� l�t manm yo patisipe nan aktivite yo, se evite w ap evite fristrasyon epi bagay yo ap yon jan desantralize. Jounen jodya espas ouvri ak Wonn Refleksyon se yon model egzanp tout moun ta dwe swiv.

Atelye C :10-11 z� (samdi) Sij�: Enp�tans Espas Ouvri nan lid�chip. Moun ki te patisipe nan atelye sa : Merline, Ulrick Denis, Johny Saint-Louis, Enel, Kent, Immacula, Jude Appolon, Emmanuel, John.

- Enter� m nan sij� sa a, se pou ta gen k�k antant nan p�m�t yon gwoup moun fonksyone ansanm dapre Merline.

 - Immacula di li se yonn nan lid� nan �ganizasyon l lan, Espas Ouvri p�m�t li konprann l�t kolaborat� l yo ; konsa, �ganizasyon l lan prale pi lwen.
- Ulrick di sak f� l vin patisipe nan atelye sa, se chache l ap chache konnen nan Espas Ouvri yon fason pou m ka konprann e sip�te sak ka chanje nan yon moun ki vin lid�. - yon lid� nan Espas Ouvri bezwen tande bon lide, f�k nan pouvwa l genyen pou l aji sou l�t moun jwenn yon fason pou Espas Ouvri antre. Yon jan nan prensip yo li se premye moun k�m lid� k ap resp�kte yo. F�k lid� a ta dwe konnen objektif met�d la dapre Enel. - Menm si ou travay ak gwoup, nan semin�, nan nenp�t l�t rankont, se nou menm lid� ki limite moun ;men, yo menm ka adapte yo fasilman, sa se eksperyans pam John. - Kisa lid�chip la ye ? - Se yon moun ki gen yon pouvwa nan men l, men li gen yon etap l ap swiv. - Se yon posesis pou jeer resous, li enp�tan pou tout moun ki gen anpil resous sil byen jere yo, nan imajinasyon l, nan anpil l�t bagay l�t moun ap aji. - Egz�sis pou enfliyanse moun volont�man sa pral menmen moun l ap dirije yo, rive nan reyalize pw�p bezwen pa yo. - Prensip gen 21 kalite lid�chip pa gen okenn nobl�s pou depase l�t moun, se pito depase t�t pa w. - Prensip navigasyon- yon lid� pa ta dwe ap navige pandan l ap mennen yon gwoup moun. Eske se yon gwoup moun ki boujonnen lid� a oubyen lid� a ki enfliyanse gwoup li pou l vin lid�. Yon lid� se yon moun k ap mennen yon gwoup, se yon moun ki ekri yon liv pou eklere l�t moun pou fonksyone byen. Nan yon sans chak moun se yon lid� pou t�t pa l paske li se yon resous f� l jere t�t li. - Lid�chip s�vi pou yon moun ki enfliyanse l�t moun, se volonte pa l ki gide l�t moun yo, nan fason li devlope plan estratejik li. Moun ki f� tout moun swiv li se li k lid� a. - Kijan yon moun ka devlope lid�chip lakay li ? - Eske yon moun ne lid� oubyen li vin lid�? - Gen moun ki av�k enfliyans, konsa tou li ka vin adapte lak enfliyans pou l aji sou moun ; kidonk ka tou de karakteristik sa yo ka f� yon moun vin lid�. Jan nou s�vi ak lid�chip f�n rete nan konsantrasyon, si nou rete konsa l ap touye nou. M panse toutan lemonn ap evolye definisyon nou bay mo sa a ap chanje. - posesis pou yon moun egz�se enfliyans li nan yon gwoup moun li tr� difisil. Yon lid� se mete l os�vis l�t moun yo, mennen moun yo selon objektif yo genyen. Gen de fwa se gwoup la ki konn enfliyanse lid� a pou l vin diktat� oswa demokrat oubyen lese grennen. - Se ki kanal lid� a bay gwoup la ? M kw� si li kreye espas pou gwoup la antre, lid� a ta gen plis chans yon lid� nan pataje responsabilite yo. F�k lid� a tou, detanzantan ap sip�te moun li bay responsabilite a ; yon lid� dwe toujou repase konsiy li yo, sinon se yon mirak l ap tann. Pa egzanp yon mayestro ki nan yon koral, li se prensipal lid�, li dwe toujou repase ki jan koral la dwe chante selon vizyon mayestro. - Yon bon lid� ta dwe ap panse ki y�s k ap ranplase l. s�vi-konfyans- fidelite, se twa konsey pou lid� a kenbe. Nou w� lid� a dwe s�vi l�t moun avan t�t li ; yon lid� nan repatisyon tach yo dwe itilize nan gwoup la � pasyon ak responsabilite �ki pa dwe mete blokaj nan t�t moun, kite yo deside ak konfyans yo pou yo ka atenn objektif yo. - Gen moun se pou prestij yo vin lid� san yo pa konnen vr� w�l yo, l� l rive sa pa ka mache, li vin maron paske pratik la pa nan anvi f� w� men, nan poze bon aksyon nan sist�m pou l ale pi lwen. - Yon lid� se yo moun ki gen predileksyon ak enspirasyon ki pral enssite aspirasyon l�t moun yo. Lid�chip se yon aprantisaj chak jou, nan yon lespri fleksib

Atelye C :11-12 z� (samdi) Sij�: ki pwofi yon moun ka tire nan Espas Ouvri? Moun ki te patisipe nan atelye sa : Eddy, Vana, Gerline, Samson, Dale, Emmanuel, Robert, Jude, Abner, Guillande.

Dapr� Benaja : Pou li menm pwofi li ka w� yon moun ka tire nan met�d espas ouvri, se nan sans otonomi li bay moun nan pou l f�me t�t li ; pou konnen tout moun p ap janm ka dak� ak lide l kote pou l pa gen pwobl�m l� moun pa okipe lide l. Dapr� dimijour : Pou li menm li tire anpil pwofi paske li se yon moun ki p ap nan gwoup men Espas Ouvri montre m ki jan pou m pran lapaw�l, kijan pou m dirije yon gwoup :tankou chita an wonn, kijan pou annose sij�. Dapr� Guillande Li di sa se yon tr� b�l met�d kote l� w nan yon rankont ou ka aprann tande l�t moun epi pran responsabilite l pou ajjoute. Pou madam Deluce : met�d sa ka chanje mantalite moun, sitou moun ki brit. Dapr� Vana Espas Ouvri f� moun vin rilaks, li bay moun yon lespri san limit, sa vle di pou mwen zaf� prezante nenp�t sij� ke ou vle menm si li pa marye ak t�m nan. Se yon espas patisipan yo ka prezante nenp�t sij� ki enterese yo, paske nan lavi chak moun kapab gen yon bagay ki enterese yo epi ki menm gen resanblans ak pa l�t moun. Mwen panse si ta s�lman kon sa, konnen Espas Ouvri se ta s�lman yon mach a swiv pou dirije yon chita pale. San teni kont yon gwo t�m. Dapr� Eddy Li pale sou kesyon, lib�te, pouvwa, posibilite ak limitemoun genyen nan yon rankont Espas Ouvri. Li soulinye youn nan bagay ke l pa renmen, se l� yon t�m deja pwopoze epi gen yon pak�t sij� ki pa tonbe anba t�m nan, pou li, li w� sa pa yon fason kolektiv ni li pa yon bagay sin�jik. Li montre tou nan yon reyinyon oubyen nan yon chita pale se pa �ganizat� a s�lman ki ka bay lide aksyon men, se pito pasyon patisipan yo pou rankont la, ki chofe anbyans la. Dapr� Abner Met�d Espas Ouvri p�m�t moun : pale oubyen pa pale, tande l�t moun epi pra responsabilite l nan yon chita pale, sa vle di pa gen yon moun anpatikilye ki responsabpou f� swivi chita pale sa a men, se pito responssabilite chak moun endividyel. Dapr� jude Kijan nou ka w� yon moun ki te patisipe nan met�d espas Ouvri f� swivi nan yon rankont Espas Ouvri. Vana te reponn li senp pou w� sa : se sou temwanyaj patisipan yo bay apr� yo fin patisipe nan Espas Ouvri ; tankou di kijan yo te ye avan, kijan yo vin ye apr� tandiske m�t Abner w� se yon met�d ki pa mezirab, men ou ka w� swivi a f�t sou chanjman ki f�t nan enstitisyon kote moun sa ap travay, lakay li nan kominote l �

Atelye D : 3-4 z�(samdi) Sij�: Evalyasyon liv Wonn Refleksyon #2 Moun ki te patisipe nan atelye sa: Kristy, Vaillant, Sarah, Heguel, Jude, Kent, Abner, Robert, Chantalle, Andr�, Afel�ne, Buton.

Pwobl�m : Liv de (2) a pa mache byen, menm jan ak liv en(1) ; t�ks yo gen two difisil, depi nivo gwoup yo tw� ba pa rap� ak sak nan t�ks, gwoup la pa ka avanse. Sa ka f� patisipan yo dekouraje(espesyalman sa f�t ak timoun). Repons : Menm si yon t�ks pa mache byen yon kote, pa vle di li p ap mache byen yon l�t kote. Pwobl�m :T�ks yo two abstr�, li tw� difisil pou antre nan diskisyon ak t�ks yo, gen nan t�ks yo ki tw� long, yo f�l difisil pou moun konprann t�ks yo pa rap� ak eksperyans. Repons : T�ks pi difisil yo mete pwofes� nan menm nivo ak el�v yo. F� nouvo liv pa reyalis kounye a ; f�k pwofes� chache fason pou ab�de t�ks yo, liv gid la sipoze prepare monit� a pou sa. Pwobl�m : Liv de(2) a manke gid, sa f� aktivite a tounen yon tijan tradisyon�l. Atelye B :10-11 z�(dimanch) Sij�: Refleksyon sou t�ks � Nanm Lan � liv 2 W.R paj 40. Moun ki te patisipe nan atelye sa : Steven Werling, Kent Annan, Samson Joseph, Robert Cajuste. Samson ki te pwopoze sij� a te bay rezon ki f� l chwaji t�ks sa, se paske mwen te patisipe nan yon seyans W.R nan fakilte syanzim�n ak t�ks sa, li te t�lman chofe, sa te pouse m f� l ak yon l�t gwoup moun pou m ka w� kijan sa ap mache. Robert :Mwen menm sak pouse m vin patisipe nan sij� sa a :se pa rap� ak tout lide ki te bay sou liv 2 W.R.an samdi a, kote gen k�k moun ki te di yo gen difikilte pou dirije seyans Wonn Refleksyon ak liv sa a paske li tr� difisil pou yo; e mwen se yonn nan moun ki w� t�ks yo pa gen pwobl�m pou anime yon seyans Wonn Refleksyon vre. Konsa, Kent ak Steven yo menm se paske yo renmen f� lekti ak l�t moun. Samson te poze kesyon sa :ki enp�tans nanm genyen nan lavi ? Kesyon sa te tr� chofe epi li te mennen l�t kesyon ki te tr� enteresan. Okontr� seyans te t�lman anime, sa vr�man montre m liv 2 a pa gen okenn pwobl�m pou yon moun anime yon seyans W.R. sitou pou moun ki pa deja gen repons oubyen yon lide, yon leson presi pou yon teks ke l chwazi pou annime yon seyans Wonn refleksyon. Yonn nan patisipan yo te felisite fason Samson k�m animate seyans lan te dirije kote li p ap pra p�z chef, okontr� se li ki te pale mwens.

Atelye D: 10-11 z�(dimanch) Sij�: yon moman meditasyon. Moun ki te patisipe nan atelye sa: Merline, Ulrick, Selly.

Ulrick te bay rezon ki f� l te pwopoze sij� sa, pou li, li t ap reflechi sou lavi l kote li s�ti nan dom�m edikasyon pou rive nan nivo kote li ye a e li panse f� yon metriz nan sosyolo- jik, objektif li gen pou reyalize nan lavi l. Merline t ap pale sou responsablite fwa pa l, lavi l, tout sa ki kons�ne vizit nan prizon, mache nan yon asanble, vizit lopital. Selly li menm montre li renmen al legliz jou dimanch.

Atelye G :10-11 z�(dimanch) Sij�: Eske moun ki pwopoze t�m sa a, satisf� oubbyen non, ak sij� l�t moun yo mete anba t�m li a? Atelye sa te yon s�l moun ki te deside kesyone t�t li.(Robert)

Pou mwen, mwen panse li pa fin dak� paske m panse li gen yon rezon ki f� l chwazi t�m sa a egzakteman. Pet�t m panse li ka bezwen oryante l v� yon l�t direksyon parap� ak eksperyans ke l f� deja ak met�d Espas Ouvri a. Mwen santi vr�man moun yo pa fokis yo sou t�m nan ditou. K�m met�d E.O. pa limite moun men eske pa bon pou moun ki pwopoze sij� a, ta mande pou moun yo rete sou t�m na yon tijan pi fondamantal ? Lis non ak adr�s Non Siyati Oganizasyon Telef�n Imel

Joseph Samson GALO 224-2415 [email protected]

Fremy C�sar APA 409-0192 [email protected]

Immacula D�luce FAVILEK 405-3771

Saintanie Dimijour FAVILEK 408-1323

Maricia Jean FAVILEK 555-4456

Duversaint, Jeanty Drop-of�love/grace mission ing., 262-5446431-3248 [email protected]

Emmanuel Jean OSCEDPN 542-3411 [email protected]

Guylande M�sadieu RAJES 511-5241 [email protected]

Merline Engle-Myril GALO 55O-1636 [email protected]

Ulrick Denis GALO 224-2415 [email protected]

Lumarque G�rald GTAPF 223-5023 [email protected]

Buton Blanc - 256-5096

Eddy Sterling LL 257-6357 [email protected]

Andrelita Blanc

Dorc�an Neptune

Lexima Anne-Robert

Danel Anne Micheline 286-9628

Chantale Auguste OJR 512-6126 [email protected]

Benaja Antoine LKMPD 550-0763 [email protected]

Abner Sauver LKMPD ��

Gerline Decembre `� �� [email protected]

Elys�e Vaillant LEMIEL 114-4200 [email protected]

Millienne Angervil LKMPD 554-8813 [email protected]

Vana Edmond �� ��

Antonal Mortin� CHANDEL 550-9069 [email protected]

Heguel M�sidor [email protected]

Erik Badger

Steven Werlin

Dale Stitt Jouney Info freedom [email protected]

Robert Cajuste LKMPD 511-3426 [email protected]

Enel Angervil LKMPD 512-1526


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | HowToUseWiki | TheExperiment
Edit text of this page | View other revisions
Last edited June 28, 2003 6:04 pm USA Pacific Time (diff)
Search: